Florida KidCare logo Angle Panyol
Asirans lasante pou timoun ki nan mezi poch ou!
Menu Spacer Paj Prensipal Kalifikasyon ak Pri Aplikasyon ak Renouvelman Resous nan entenet
1-888-540-5437 or TTY: 1-877-316-8748
Benefis dantè w yo
Spacer
Spacer
spacer
Spacer
Aplike Anliy Kounye a - Anrolman pou Florida KidCare asirans lasante pou timoun yo ap ouvri kounye-a pandan tout ane-a. Spacer
Florida KidCare

Enfòmasyon enpòtan konsènan benefis dantè w yo

Pwogram Florida KidCare la ofri tout benefis dantè nèt pou tout moun ki enskri nan pwogram lan. Benefis yo ak dantis ki genyen yo kapab diferan toudepann de nan ki pwogram Florida KidCare pitit ou enskri.

Si w pa fin konnen nan ki pwogram pitit ou enskri, ou kapab kontakte Depatman Sèvis Kliyantèl la nan 1-800-821-5437. Koutfil sa a gratis.

Pou aprann plis enfòmasyon konsènan pwogram Florida KidCare la, kouman pou fè aplikasyon, benefis ak pri yo, tanpri ale nan pajdakèy Pwogram Florida KidCare la..

Pou aprann plis enfòmasyon konsènan benefis dantè pitit ou epi pou verifye ki dantis ki kapab genyen yo, klike pi ba la a sou pwogram pitit ou a.

  • MEDICAID – Pou timoun depi yo fenk fèt jiska 18 an
    • Medicaid ofri benefis dantè pou tout moun ki enskri ladan yo. Pa gen okenn depans ki soti nan pòch ou ni okennn kopeman pou sèvis sa yo.
    • Pou aprann plis enfòmasyon sou benefis ki genyen nan Medicaid yo, klike la a.
    • Pou Medicaid kouvri sèvis sa yo, pitit ou dwe itilize yon pwofesyonèl medikal ki patisipe nan pwogram Medicaid la. Pou wè yon lis dantis ki wè moun ki enskri nan Medicaid yo, klike la a.
  • MEDIKIDS – Pou timoun, laj 1 an jiska 4 an
    • MediKids ofri menm benefis dantè ak sa yo bay nan pwogram Medicaid la. Pa gen okenn depans ki soti nan pòch ou ni okennn kopeman pou sèvis sa yo. Pou aprann plis enfòmasyon sou benefis ki genyen nan MediKids ak Medicaid yo, klike la a.
    • Pou MediKids kouvri sèvis sa yo, pitit ou dwe itilize yon pwofesyonèl dantè ki patisipe nan pwogram Medicaid la. Pou wè yon lis dantis ki wè moun ki enskri nan Medicaid yo, klike la a.
  • Children’s Medical Services (CMS) Network
    Pou timoun depi yo fenk fèt jiska 18 an, epi ki bezwen swen medikal espesyal
    • The Children’s Medical Services (CMS) Network ofri benefis dantè pou pifò moun ki enskri ladan nan pwogram lan. Pa gen okenn depans ki soti nan pòch ou ni okennn kopeman pou sèvis sa yo. Pou aprann plis enfòmasyon konsènan benefis dantè ki genyen nan CMS Netwok yo, klike la a.
    • Pou CMS kouvri sèvis dantè sa yo, pitit ou dwe enskri nan CMS Network epi li dwe itilize yon pwofesyonèl dantè ki patisipe nan pwogram CMS Network la. Pou wè yon lis dantis ki wè moun ki enskri nan CMS Network yo, klike la a.
  • Florida Healthy Corporation – Pou timoun depi laj 5 an jiska 18 an
    • Timoun ki enskri nan pwogram Healthy Kid la resevwa tout benefis dantè asirans lan kouvri nèt, epi kantite benefis limit la se $1,000 pa ane pou chak timoun. Sa vle di yon timoun ki enskri nan pwogram Healthy Kids la resevwa jiska $1,000 benefis asirans dantè pa ane (benefis la kòmanse depi premye jiyè jiska 30 jen chak ane) san pa gen okenn depans ki soti nan pòch ou.
    • Pou aprann plis enfòmasyon konsènan pake benefis dantè Healthy Kids la, klike la a
    • Healthy Kids ofri, moun ki enskri ladan yo, 4 plan asirans dantè pou yo chwazi ladan yo. Tout plan dantè yo ofri menm pake benefis la. Gen plan ki kapab ofri yon rabè sou lòt sèvis ki pa kouvri yo oswa pou sèvis yon timoun kapab bezwen apre li fin rive nan kantite benefis limit pou ane a.
    • Timoun ki enskri nan Healthy Kids yo fè pati youn nan 4 plan dantè yo epi yo dwe itilize dantis ki genyen nan plan pa yo a pou asirans lan kouvri sèvis yo.
    • Men 4 plan asirans dantè ki genyen yo:
      Dental Plan Provider Listings Telephone
      Atlantic Dental, Inc. (ADI) Tcheke pwofesyonèl yo 1-800-964-7811
      CompBenefits Tcheke pwofesyonèl yo 1-877-531-3026
      MCNA Dental Plan Tcheke pwofesyonèl yo 1-800-494-6262
      United Healthcare Dental Tcheke pwofesyonèl yo 1-877-407-3466
slice
right-side-slice
slice
Visual spacing image

Paj Prensipal | Kalifikasyon ak Pri | Aplikasyon ak Renouvèlman | Resous nan èntenèt | Kat enfòmatik sit la

spacer image