Florida Healthy Kids

Aplike Koulyeya?

Ki jen pou mwen aplike?

Healthy Kids avèk KidCare kounya gen anwolman ouvet pandan tout ane a! Li fasil pou aplike! Li pran 4-6 semen pou pwosede yon aplikasyon an o komple. Kouvetu an komanse selman apre ke yo fin deteminin elijibilite pitit ou an e lè yo resevwa payman prim premyè mwa a, si se sa ki egzije.

Apre ke ou enprime fòm lan, ranpli'l, sinnin'l, atache dokumantasyon ki nesese yo (Lis Fanmi) epwi voye'l pa la pos. Ou paka ranpli fòm lan direkteman sou odinatè a paske fòk ou sinin fòm la. Fòk ou su ke ou ranpli tout fòm lan net, devan ak deye, e atache tout dokumant Analgesia asyon sale ki nesese.

Prim mansuyel yo pral baze sou konbyen moun ki rete nan kay ka avèk sale mansuyel. La pli pa fanmi pral paye $15 a $20 pa fanmi pa mwa. Si ou gen pou paye plis, nou pral fè ou konnin.

Si ou voye yon chek oswa yon manda postal (money order) pou premyè prim lan, fòk chek lan fèt a: Florida KidCare.

Si ou te aplike pou Healthy Kids avèk KidCare deja tanpri kontakte depatman sevis kliyantel nan nimewo telefòn gratis nan1-888-540-KIDS (5437) pou aktive aplikasyon lan anko. Petèt ou pap bezwin soumèt yon lòt aplikasyon.

Pou soumet yon aplikasyon ou ka:

Voye'l pa la pos a:
Healthy Kids and KidCare
Post Office Box 980
Tallahassee, Florida 32302-0980

Fax li a: (866) 867-0054

Email li a:

Fòm aplikasyon gen espas pou twa timoun. Si ta gen plis ke twa timoun, atache enfòmasyon an sou yon lòt moso papye.

Lis Fanmi - Ki sa wap bezwin gen a la man?

Ou gen dwa ranpli Lis Renouvelman Mwen pou w ki fm ke w'ap bezwin gen bo kote'w.