Florida Healthy Kids

Plan dantè yo

Se yon lis jeneral sou benefis dantè nou ofri dapre plan Healthy Kids la. Fanmi yo ap resevwa plis enfòmasyon an detay nan men plan asirans dantè pitit yo yon fwa yo enskri.

Nan plan asirans dantè Florida Healthy Kids la genyen:

Sèvis pou prevansyon
Konsiltasyon nan bouch
Radyografi
Sèvis restoratif (plonbe dan epi mete kouwòn) – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
Operasyon nan bouch (rache dan) – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
Sèvis andodontik (kannal radikilè) – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
Sèvis parodontal – Tretman an ka egzije otorizasyon davans
Pwostodontik ou kapab retire (Danti) – Tretman an egzije otorizasyon davans
Analjesik ak Sedasyon – Tretman an egzije otorizasyon davans
Medikaman an piki
Tretman pou tanpere sentòm maladi
Ospitalizasyon – Tretman an egzije otorizasyon davans