Florida Healthy Kids

Medikal

Nan asirans medikal Florida Healthy Kids la genyen:

(Se yon lis jeneral sou benefis Healthy Kids yo. Fami yo ap resevwa lis ki bay plis detay sou benefis yo nan plan asirans sante yo lè yo enskri.)

Swen medikal ak swen pou operasyon pou malad ki entène lopital

Chanm semi-prive, pre-otorize, ladan li gen 15 jou entène pou reyabilitasyon pou restriksyon ki pa grav

$0

Vizit nan Klinik Doktè Prensipal (PCP)

Vizit nan klinik pou maladi ki pa grav, swen pou aksidan

$5 kopeman/vizit

Vizit nan klinik pou swen timoun ki an bòn sante (PCP)

$0

Tès depistaj doktè pèsonèl ou fè pou je ak zòrèy

$0

Tès depistaj doktè pèsonèl ou fè pou je ak zòrèy

pa egzanp, laboratwa, radyografi, eksetera

$0

Vizit kay espesyalis

Se doktè pèsonèl ou ki dwe refere ou

$5 kopeman/vizit

Swen pandan gwosès ak akouchman

Jiska 3 jou maksimòm – limite nan akouchman vajinal

$0

Sèvis pou reyabilitasyon

Fizyoterapi, terapi okipasyonèl, respiratwa ak terapi pou pale Limite a 24 sesyon pou tretman pandan yon peryòd 60 jou pa epizòd oswa frakti

$5 kopeman/vizit

Vizit kay chiwopraktè

Yo dwe bay li menm jan li ye nan pwogram Florida Medicaid la - 24 vizit/ane

$5 kopeman/vizit

Vizit kay podyat (doktè pye)

Limite a 1 vizit pa jou, pou yon total 2 vizit pa mwa pou maladi byen espesifik nan pye.

$5 kopeman/vizit

Itilizasyon saldijans yon jan ki pa apwopriye

Nou elimine kopeman an si se doktè prensipal la ki otorize li oswa si malad la entène

$10 kopeman/vizit

Sèvis dijans nan anbilans

$10 kopeman

Sèvis pou lasante konpòtmantal - Vizit malad ki pa entène

$5 kopeman/vizit

Sèvis pou lasante konpòtmantal – malad ki entène

$0

Sèvis pou abi dwòg – Malad ki pa entène

$5 kopeman/vizit

Sèvis pou abi dwòg – Malad ki pa entène

$0

Refraksyon/lantiy pou koreksyon

Apre malad la pa pase tès doktè pèsonèl la fè pou je- 1 pè chak 2 an oswa lè chanjman nan gwosè tèt la oswa preskrisyon mande sa. Asirans lan limite a monti Medicaid ak lantiy plastik oswa SYL ki pa tente.

$10 kopeman/vizit

Aparèy pou ede moun tande

$0

Transplantasyon ògàn

Ladan li gen sèvis ak tretman anvan transplantasyon, transplantasyon an menm epi sèvis ak tretman apre transplantasyon lè konpayi asirans lan otorize li nan yon enstitisyon ki apwouve.

$0

Medikaman ki preskri – Jiska yon kantite pou 31 jou

Nan asirans lan gen tout medikaman ki disponib dapre pwogram Florida Medicaid la. Medikaman jenerik oswa medikaman mak fabrik lè medikman jenerik pa disponib.

$5 kopeman

Ekipman medikal dirab ak aparèy pwotèz

Ekipman ki pre-otorize epi ki nesesè nan pwennvi medikal

$0

Sèvis nan enstitisyon gadmalad kalifye

Dwe satisfè kondisyon pou swen pèsonèl kalifye – Limite a 100 jou pa kontra anyèl

$0

Sèvis swen adomisil

Dwe satisfè kondisyon pou swen pèsonèl kalifye

$5 kopeman/vizit

Sèvis nan lazil moun malad

Dwe satisfè kondisyon pou swen pèsonèl kalifye

$5 kopeman/vizit