Florida Healthy Kids

Pwogram Pèyman Konplè

Pri ou Kounye a

Aetna Better Health of Florida and Simply Healthcare Plans provide full-pay coverage statewide and Community Care Plan provides full-pay coverage in the following eight Southeastern Florida counties: Broward, Indian River, Martin, Miami-Dade, Monroe, Okeechobee, Palm Beach, and St. Lucie.

Plan peman konplè Healthy Kids la bay asirans sante ak dan pou timoun Florida ki pa kalifye pou pwoteksyon sibvansyone akòz kantite moun ki nan kay yo ak revni yo.

Florida Healthy Kids rete angaje pou kontinye ak plan peman konplè a epi l ap travay di pou ofri bon kalite asirans sante ki bon mache epi ki santre sou timoun yo, tankou sèvis medikal, sèvis pou swen dan, ak sèvis timoun yo bezwen nan chak etap kwasans ak devlopman.

Benefis ak Konparezon Pri

Swen medikal ak swen pou operasyon pou malad ki entène lopital

Chanm semi-prive, pre-otorize, ladan li gen 15 jou entène pou reyabilitasyon pou restriksyon ki pa grav

$0

Vizit nan Klinik Doktè Prensipal (PCP)

Vizit nan klinik pou maladi ki pa grav, swen pou aksidan

$5 kopeman/vizit

Vizit nan klinik pou swen timoun ki an bòn sante (PCP)

$0

Tès depistaj doktè pèsonèl ou fè pou je ak zòrèy

$0

Tès depistaj doktè pèsonèl ou fè pou je ak zòrèy

pa egzanp, laboratwa, radyografi, eksetera

$0

Vizit kay espesyalis

Se doktè pèsonèl ou ki dwe refere ou

$5 kopeman/vizit

Swen pandan gwosès ak akouchman

Jiska 3 jou maksimòm – limite nan akouchman vajinal

$0

Sèvis pou reyabilitasyon

Fizyoterapi, terapi okipasyonèl, respiratwa ak terapi pou pale Limite a 24 sesyon pou tretman pandan yon peryòd 60 jou pa epizòd oswa frakti

$5 kopeman/vizit

Vizit kay chiwopraktè

Yo dwe bay li menm jan li ye nan pwogram Florida Medicaid la - 24 vizit/ane

$5 kopeman/vizit

Vizit kay podyat (doktè pye)

Limite a 1 vizit pa jou, pou yon total 2 vizit pa mwa pou maladi byen espesifik nan pye.

$5 kopeman/vizit

Itilizasyon saldijans yon jan ki pa apwopriye

Nou elimine kopeman an si se doktè prensipal la ki otorize li oswa si malad la entène

$10 kopeman/vizit

Sèvis dijans nan anbilans

$10 kopeman

Sèvis pou lasante konpòtmantal - Vizit malad ki pa entène

$5 kopeman/vizit

Sèvis pou lasante konpòtmantal – malad ki entène

$0

Sèvis pou abi dwòg – Malad ki pa entène

$5 kopeman/vizit

Sèvis pou abi dwòg – Malad ki pa entène

$0

Refraksyon/lantiy pou koreksyon

Apre malad la pa pase tès doktè pèsonèl la fè pou je- 1 pè chak 2 an oswa lè chanjman nan gwosè tèt la oswa preskrisyon mande sa. Asirans lan limite a monti Medicaid ak lantiy plastik oswa SYL ki pa tente.

$10 kopeman/vizit

Aparèy pou ede moun tande

$0

Transplantasyon ògàn

Ladan li gen sèvis ak tretman anvan transplantasyon, transplantasyon an menm epi sèvis ak tretman apre transplantasyon lè konpayi asirans lan otorize li nan yon enstitisyon ki apwouve.

$0

Medikaman ki preskri – Jiska yon kantite pou 31 jou

Nan asirans lan gen tout medikaman ki disponib dapre pwogram Florida Medicaid la. Medikaman jenerik oswa medikaman mak fabrik lè medikman jenerik pa disponib.

$5 kopeman

Ekipman medikal dirab ak aparèy pwotèz

Ekipman ki pre-otorize epi ki nesesè nan pwennvi medikal

$0

Sèvis nan enstitisyon gadmalad kalifye

Dwe satisfè kondisyon pou swen pèsonèl kalifye – Limite a 100 jou pa kontra anyèl

$0

Sèvis swen adomisil

Dwe satisfè kondisyon pou swen pèsonèl kalifye

$5 kopeman/vizit

Sèvis nan lazil moun malad

Dwe satisfè kondisyon pou swen pèsonèl kalifye

$5 kopeman/vizit

Kesyon Moun yo Poze Souvan

  1. Poukisa pri plan Florida Healthy Kids la ap ogmante?
    Pri a nan bay swen sante monte chak ane, epi se poutèt sa prim yo chanje ou. Florida Healthy Kids travay di pou asire fanmi yo resevwa pi bon pwoteksyon asirans pou pi piti pri posib. Plan peman konplè Stas la pa te chanje prim yo depi plis pase dezan.
  2. Kisa fanmi ki enkri nan plan peman konplè yo bezwen fè?
    • Si ou peye prim ou pa lapòs, tou senpleman ajoute $10 ou montan w ap peye chak mwa kounye a kòmanse ak premye peman ou gen pou fè 1ye desanm 2017.
    • Si ou peye prim ou sou entènèt ak opsyon Peman Repete a, ou dwe konekte epi ajoute $10 ou montan w ap peye chak mwa kounye a kòmanse ak premye peman ou gen pou fè 1ye desanm 2017.
    • Si ou enskri nan Peman otomatik, y ap mete peman ou a ajou otomatikman epi y ap retire nouvo montan an kòmanse ak premye peman ou gen pou fè 1ye desanm 2017.
  3. Kisa Florida Healthy Kids ap fè pou mete fanmi yo okouran chanjman sa a?
    Florida Healthy Kids ap notifye tout fanmi ki enskri nan plan peman konplè a pa lèt oswa imèl, selon metòd kominikasyon yo te chwazi kòm preferans yo, epi tou y ap mete bouton notifikasyon sou kont yo sou entènèt pou plis enfòmasyon.
  4. Ki lòt chwa mwen genyen pou pwoteksyon?
    Ou ka aplike pou asirans sante prive nan mache asirans sante federal la nan healthcare.gov ant 1ye novanm 2017 ak 15 desanm 2017. Pou paran ak responsab legal k ap travay yo, pwoteksyon pou pitit ou ka disponib atravè yon plan asirans medikal travay ou finanse pandan peryòd enskripsyon lib yo. Ou ka konsidere kontakte yon ajan asirans ki gen lisans pou aprann sou lòt opsyon asirans sante prive yo. Epitou depatman sante konte ou a ka ofri sèvis swen medikal ki pa koute chè pou pitit ou a epi li ka kapab refere ou bay lòt pwofesyonèl swen sante ki pa chè nan kominote lokal ou.