Florida Healthy Kids

Notice

Pwolonjman delè pou vèsman peman poutèt siklòn Irma a

Florida KidCare konprann ke siklòn Irma ka afekte fanmi yo ak kapasite yo pou fè peman mwa oktòb yo a pou asirans mwa oktòb la, kidonk, nou pwolonje delè peman mwa septanm la jiska dat 31 oktòb 2017.

Pou pwolonjman delè sa ka aplike pou peman w la, fanmi yo dwe rele 1-888-540-5437 (lendi - vandredi apati 7:30 dimaten rive 7:30 diswa) epi mande pou pale ak yon reprezantan.

Pou asire ke asirans pou pitit yo kontinye, yo ankouraje fanmi yo pou fè peman yo pi vit ke posib. Yon fwa nou resevwa vèsman peman an epi plan sante timoun ou an te enfòme, timoun ou an ap vin retounen asire pou tout mwa oktòb la. Sa yo ki itilize sèvis nan mwa oktòb la anvan vèsman peman an te fèt ka gen egzijans pou peye pou sèvis yo dirèkteman epi soumèt yon demann ranbousman bay plan sante yo a yon fwa vèsman peman an fèt.

Fanmi yo dwe sonje tou pou fè vèsman peman mwa oktòb yo a pou asirans novanm lan rive nan dat 31 oktòb 2017.

Pou ka kalifye pou pwolonjman delè ya, fanmi yo dwe ap viv nan youn nan distri ke Federal Emergency Management Administration (FEMA) deziyen kòm kalifye pou èd endividyèl: Alachua, Baker, Bradford, Brevard, Broward, Charlotte, Citrus, Clay, Collier, Columbia, DeSoto, Dixie, Duval, Flagler, Gilchrist, Glades, Hardee, Hendry, Hernando, Highlands, Hillsborough, Indian River, Lafayette, Lake, Lee, Levy, Manatee, Marion, Martin, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns, St. Lucie, Sumter, Suwannee, Union, ak Volusia.

Nou espere ke pwolonjman delè sa pral bay kèk soulajman a fanmi Florida KidCare yo pandan moman retablisman sa. Pou nenpòt kesyon, tanpri rele nou nan 1-888-540-5437.

Kesyon yo Poze Souvan

  1. Poukisa mwen te resevwa yon apèl ak/oswa yon lèt ki di ke mwen gen jiska fen mwa oktòb la pou mwen fè peman pou asirans mwa oktòb la?
    Nou kontinye kontakte fanmi yo ki jiskaprezan pa te ko fè vèsman peman pou asirans mwa oktòb la epi k ap viv nan youn nan 48 distri ke Federal Emergency Management Administration (FEMA) te deziyen kòm kalifye pou èd endividyèl akoz siklòn Irma a. Florida KidCare konprann byen enpak siklòn Irma ka anpeche kèk fanmi fè peman mwa septanm yo an a lè pou asirans mwa oktòb la. Nou vle asire nou ke timoun yo gen asirans ak aksè a swen sante yo bezwen pandan moman retablisman sa, kidonk nou ap pwolonje delè peman pou asirans mwa oktòb la jiska dat 31 oktòb.
  2. Ki mwayen ki pi rapid mwen ka reyaktive asirans timoun mwen an nan mwa oktòb la akoz yon peman mwen te rate koz siklòn Irma a?
    Pou pwolonjman delè sa ka aplike pou peman w la, fanmi yo dwe rele 1-888-540-5437 (lendi - vandredi apati 7:30 dimaten rive 7:30 diswa) epi mande pou pale ak yon reprezantan.
  3. E si mwen pa fè peman pou mwa oktòb la?
    Timoun ou an p ap gen asirans Florida KidCare pou mwa oktòb la amwenske ou fè peman an. Pou asire ke asirans pou pitit yo kontinye, yo ankouraje fanmi yo pou fè peman yo pi vit ke posib. Tanpri, sonje tou pou fè vèsman peman mwa oktòb ou a pou asirans novanm lan rive dat 31 oktòb 2017.