Florida Healthy Kids

Enfòmasyon pou renouvèlman

Yon fwa pa an chak fanmi dwe renouvle asirans pitit yo. Anviwon de mwa avan dat pou renouvèlman pitit ou a, w ap resevwa yon lèt nan men Healthy Kids ak KidCare pou di w li lè pou renouvle. Tanpri konekte sou kont entènèt ou a epi klike sou bouton "Renew Now" (Renouvle Kounye a) la. W ap wè enfòmasyon pi resan nou deja genyen sou ou yo. Pa bliye ranpli pati ki rele relasyon nan fòm renouvèlman an ak nenpòt nouvèl enfòmasyon ou bezwen mete ajou. N ap sèlman mande w pou bay nou prèv kantite lajan w ap touche si nou pa ka jwenn li pa mwayen elektwonik ki koresponn ak lòt sous.

Li enpòtan anpil pou w fè renouvèlman an lè nou mande w la epi bay enfòmasyon ki nesesè yo a tan. N ap kontakte w si gen nenpòt kesyon sou fòm ou a oswa si nou pa tande nouvèl ou. Nou ka rele lakay ou ak yon sistèm telefòn otomatik tou si nou pa tande nouvèl ou. Nou vle ou jwenn fòm yo atan paske sante pitit ou a enpòtan pou nou.

Fanmi Tchek lis- Kisa ou pr al bezwen gen sou lamen?

Fason pou retounen enfòmasyon sou renouvèlman

Online:
Konekte sou kont ou pou ranpli fòm renouvèlman sou entènèt la.

Pa Lapòs:
Florida KidCare
Atansyon: RENEWAL (Renouvèlman)
P.O. Box 591
Tallahassee, Florida 32302-0591

Pa Faks:
Toll-free Fax 1-866-867-0054

Pa Lèt Elektwonik ( Emèl):
Emèl dokiman Renouvèlman w la nan
Kalite atachman dokiman ki akseptab fèt pou yo nan fòma ki swiv yo: .JPG .JPEG .BMP .GIF .TIF .PDF .DOC .PPT .TIF .TIFF .TXT .RTF
Nou prefere dosyen yo nan fòma JPG.
Nou pa kapab aksepte imaj ki pi gwo pase 10MB Si imaj yo pli gwo pase 10MB tanpri zip dosye yo.