Florida Healthy Kids

Prim asirans/Kopeman

Pifò fanmi Florida Healthy Kids annik peye $15 oswa $20 pa mwa. Prim asirans yo pa mwa depann de kantite moun ki lakay ou ak revni moun lakay ou. Si w pa kalifye pou asirans sibvansyone, ou ka elijib pou opsyon pou peman konplè a.

Ou kapab gen pou peye ti kotizasyon piti oswa kopeman piti pou kèk sèvis.

Florida Healthy Kids kouvri timoun ki gen 5-18 an sèlman. Si pitit ou yo pi gran, pi jenn, gen bezwen espesyal oswa gen yon ti salè ba, kapab se lòt patnè Florida KidCare (Medicaid, MediKids and Children’s Medical Services) ki sèvi fanmi ou. Men, fanmi yo itilize menm aplikasyon an pou aplike pou tout pwogram sa yo. Florida KidCare ap mete pitit ou nan pwogram ki satisfè bezwen pitit ou pi byen.