Florida Healthy Kids

Prim Sibvansyone /Kotizasyon

Pifò fanmi nan Florida ki nan “Healthy Kids” peye sèlman $15 oubyen $20 pa mwa – epi gen ladan yo ki pa menm peye anyen ditou!

Prim sa w ap peye chak mwa a depan de kantite moun ki lakay ou ak konbyen kòb n ap touche. Timoun nan fanmi kap touche ant 133 pousan e 200 pousan nivo povrete federal lan ($36,907 rive nan $55,500 pou yon fanmi ki gen kat (4) moun), yo elijib pou pwotwksyon sibvansyone atravè “Florida Healthy Kids”.

Si w pa kalifye pou pwoteksyon sibvansyone, ou kapab elijib pou opsyon pèyman konplè an.