Florida Healthy Kids

Press

Healthy Kids Press Contact,
Ashley Carr, Chief Marketing Officer,
(850) 701-6160, [email protected].

05/04/2023
English + Español + Kreyul

Healthy Kids ap selebre adopsyon pwojè lwa KidCare Florida a

TALLAHASSEE, Fla. – Florida Healthy Kids Corporation (FHKC) ap selebre jodia lwa sou swen timoun palman Florida a te adopte a. Pwojè lwa entèn 121 an ogmante limit kalifikasyon revni pou kouvèti ki sibvansyone yo nan Pwogram Asirans Maladi pou Timoun (CHIP), soti nan 200% a 300% nan nivo povrete federal la, oswa soti nan $60,000 a $90,000 chak ane pou yon fanmi ki gen kat moun. Gras ak kreyasyon nouvo nivo prim, pwojè lwa a kreye yon wout pou fanmi yo kote li ap pèmèt yo kenbe kouvèti asirans sibvansyone a pandan y ap touche plis, pou yo ka pouswiv estabilite finansye yo san yo pa pè pèdi èd gouvènman an yo ap resevwa a.

Prezidan chanm reprezantan yo, Paul Renner, te fè pwoblèm sa a yon priyorite nan diskou ouvèti Sesyon 2023 li a lè li te di, "Twò souvan, sistèm byennèt sosyal la pini paran k ap travay yo lè yo retire benefis gouvènman an bridsoukou lè yo touche kèk dola anplis. Okenn fanmi pa ta dwe janm oblije chwazi ant yon ogmantasyon salè ak swen sante pitit yo, kidonk nou ap rann li pi fasil pou manman ak papa yo soti nan asistans sosyal pou yo ale nan travay epi reyalize rèv Ameriken an!"

Prezidan Komisyon Konsèy FHKC, Doktè Stephanie Haridopolos, te di, “Pwojè lwa sa a se yon gwo viktwa pou fanmi k ap travay nan Florid yo! Li ap pèmèt paran yo bay pitit yo yon asirans sante ki abòdab. Nou rekonesan anpil pou lidèchip prezidan Renner, ki te mete pwoblèm sa a devan, ak manm lejislati a ki te fè l rive."

Pwojè lwa 121 lesjislati a, ke Reprezantan Robin Bartleman ak lòt reprezantan patwone, te vote epi apwouve jodi a pa mwayen sena Florid la antanke sibstiti nan pwojè lwa 246 senatè Alexis Calatayud. Chanm Reprezantan Florid la te deja votean favè pwojè lwa a 13 avril.

Pou plis enfòmasyon sou Florida KidCare, vizite www.floridakidcare.org, epi pou plis enfòmasyon sou Florida Healthy Kids Corporation, vizite www.healthykids.org

Konsènan Florida Healthy Kids Corporation
Florida Healthy Kids Corporation se yon patenarya piblik-prive san bi likratif ki te kreye pa Lejislati Florid la pou elaji aksè ak asirans sante abòdab, ki santre sou timoun. Sosyete a ap dirije Florida Healthy Kids (healthykids.org), yon pwogram asirans maladi ak dantè konplè pou timoun ki gen laj 5 lane pou rive 18 lane nan Florid. Sosyete a bay sèvis maketin, sèvis kliyan ak sèvis administratif pou Florida KidCare tou.