Florida Healthy Kids

Press

Healthy Kids Press Contact,
Ashley Carr, Chief Marketing Officer,
(850) 701-6160, [email protected].

06/22/2023
English + Español + Kreyul

Healthy Kids kontan dèske Gouvènè DeSantis Siyen Pwojè Lwa Florida KidCare La.

TALLAHASSEE, Fla - Florida Healthy Kids Corporation (FHKC) ap selebre Gouvènè Ron DeSantis jodi a ki ap siyen lwa istorik Florida KidCare la. Pwojè lwa entèn 121 an ogmante limit kalifikasyon revni pou kouvèti ki sibvansyone yo nan Pwogram Asirans Maladi pou Timoun (CHIP), soti nan 200% a 300% nan nivo povrete federal la, oswa soti nan $60,000 a $90,000 chak ane pou yon fanmi ki gen kat moun. Gras ak kreyasyon nouvo nivo prim, pwojè lwa a trase yon wout pou fanmi yo kote li ap pèmèt yo kenbe kouvèti asirans sibvansyone a pandan y ap touche plis, pou yo ka pouswiv estabilite finansye yo san yo pa pè pèdi èd gouvènman an yo ap resevwa a.

Direktè Finansye Florida a, Jimmy Patronis, te deklare, “Chak timoun nan Eta Florid dwe gen aksè a sèvis swen sante vital yo epi, bay timoun ki nan fanmi k ap lite pou yo reponn a bezwen yo a pwoteksyon, se youn nan pi bon envestisman eta nou an kapab fè. Pwojè lwa sa a elaji kouvèti Florida KidCare la epi li asire fanmi yo gen aksè a asirans sante abòdab pou timoun ki nan bezwen. Mèsi Gouvènè DeSantis pou sipò ou nan bon pati lejislasyon sa a epi mèsi Senatè Calatayud, Reprezantan Bartleman, ak Reprezantan Trabulsy pou tout sa yo te fè nan sesyon lejislatif sa a pou defann timoun Florid yo.”

Prezidant Konsèy Administrasyon FHKC a, Doktè Stephanie Haridopolos, te deklare, "Mèsi Gouvènè DeSantis paske w fè Pwojè Lwa 121 an vin yon priyorite epi asire w gen plis fanmi nan Florid ki gen posiblite pou bay timoun yo mwayen pou yo pi byen demare nan lavi yo. Lè yo ogmante aksè a swen sante timoun ki abòdab, plis fanmi k ap travay ka konte sou KidCare pou ede yo franchi etap ki mennen nan direksyon endepandans finansye yo. Paran yo p ap gen pou yo chwazi ankò ant yon ogmantasyon salè ak pèdi kouvèti sante ki abòdab pou pitit yo, sa ki ap ba yo libète pou yo travay sou yon pi gran, yon pi bon avni pou fanmi yo."

Pwojè Lwa 121 an mande Konsèy Administrasyon FHKC a pou l devlope nouvo nivo prim, epi efò sa yo ap fèt nan kad preparasyon pou yo aplike yo 1ye janvye 2024.

Pou plis enfòmasyon sou Florida KidCare, vizite floridakidcare.org, epi pou plis enfòmasyon sou Florida Healthy Kids Corporation, vizite healthykids.org.

Konsènan Florida Healthy Kids Corporation
Florida Healthy Kids Corporation se yon patenarya piblik-prive san bi likratif ki te kreye pa Lejislati Florid la pou elaji aksè ak asirans sante abòdab, ki santre sou timoun. Sosyete a ap dirije Florida Healthy Kids (healthykids.org), yon pwogram asirans maladi ak dantè konplè pou timoun ki gen laj 5 lane pou rive 18 lane nan Florid. Sosyete a bay sèvis maketin, sèvis kliyan ak sèvis administratif pou Florida KidCare tou.