Florida Healthy Kids

Press

Healthy Kids Press Contact,
Ashley Carr, Chief Marketing Officer,
(850) 701-6160, [email protected].

09/20/2023
English + Español + Kreyul

Konsèy Administrasyon Florida Healthy Kids Florida a apwouve Èd y ap bay pou Siklòn Idalia a

TALLAHASSEE, Fla - Konsèy Administrasyon (Board of Directors, BOD) Kòporasyon (Corporation) Healthy Kids Florida a, ki gen kòm prezidan Dr. Stephanie Haridopolos, fenk sot apwouve rediksyon prim pou Siklòn Idalia a pou tout fanmi ki se manm Florida KidCare. Èd konsènan rediksyon sa a valab pou tout 16 konte Florida yo, Ajans Federal Jesyon Ijans lan (Federal Emergency Management Agency, FEMA) deziyen antanke konte ki elijib pou yon èd endividyèl.

Pou l kapab ede fanmi sa yo aprè siklòn lan, Kòporasyon an aksepte peye 100% asirans mwa septanm lan pou tout fanmi ki elijib yo. N ap bay yon rediksyon sou pèman prim mwa oktòb la tou pou tout moun ki kontakte Kòporasyon an pou yo di l yo nan nesesite. Manm ki enskri nan plan ki sibvansyone yo ak pèman an plen yo ladan l tou.

Prezidan Haridopolos te deklare, "Fanmi Siklòn Idalia afekte yo ap pran anpil tan pou yo retounen sou de pye yo ankò. Mwen espere pandan m ap fè rediksyon sa a, paran yo p ap bezwen enkyete yo pou asirans maladi pou pitit yo. Antanke abitan Florida, nou tout, nan yon moman oswa yon lòt, ap sibi estrès siklòn sa kite, epi li enpòtan pou nou kole zepòl nan moman difisil yo."

Antou, plis pase 17 000 timoun k ap viv nan 16 konte yo idantifye yo, sa ki reprezante plis pase 12% popilasyon total Florida KidCare la (eksepte Medicaid). Montan total pou kouvri tout kotizasyon familyal pou mwa septanm nan estime a $961 000.

Anplis lajan yo bay pou asirans lan, Kòporasyon an ede fanmi ki afekte yo nan fason sa yo tou: 1) enskripsyon rapid pou aplikan ki apwouve yo; 2) bay manm yo 30 jou anplis pou yo fè renouvèlman anyèl yo; 3) bay manm yo kòb yon mwa konplè pou yo peye prim ki sipoze peye yo, jeneralman, premye jou nan mwa a pou pita.

Konsènan Florida Healthy Kids Corporation
Florida Healthy Kids Corporation se yon patenarya piblik-prive san bi likratif ki te kreye pa Lejislati Florid la pou elaji aksè ak asirans sante abòdab, ki santre sou timoun. Sosyete a ap dirije Florida Healthy Kids (healthykids.org), yon pwogram asirans maladi ak dantè konplè pou timoun ki gen laj 5 lane pou rive 18 lane nan Florid. Sosyete a bay sèvis maketin, sèvis kliyan ak sèvis administratif pou Florida KidCare tou.