Florida Healthy Kids

Notices

Chanjman nan Prim Peman Konplè

Prim Peman Konplè chak mwa Florida Healthy Kids la pral chanje talè. Kòmanse ak peman ki pou fèt 1ye desanm 2017 la, nouvo prim nan ap:

Opsyon Plan Kounye a Nouvo Prim nan
(Pou pye 1ye desanm 2017 pou Pwoteksyon Janvye a.)
Plan Sunshine Health Stars $205 $215
Plan Sunshine Health Stars ak Swen pou dan $220 $230

Pri a nan bay swen sante monte chak ane, epi se poutèt sa prim yo chanje ou. Florida Healthy Kids travay di pou asire ou resevwa pi bon pwoteksyon asirans pou pi piti pri posib. Sa a se premye chanjman nan prim premye plan Plan Stars la depi plis pase dezan. Plan sa a rete bon mache epi se sèl plan ki santre sou timoun nan Florida.

Gen kat (4) fason ou ka peye:

Peye sou entènèt:

Ale sou www.healthykids.org. Si kounye ou fè "Peman Repete", sonje pou w mete montan peman ou a ajou. Li pa pral chanje otomatikman. Si kounye a ou enskri nan Peman Otomatik, y ap mete montan nouvo prim ou a ajou epi y ap retire li otomatikman.

Peye pa telefòn:

Rele 1-888-540-5437 pou fè yon peman nenpòt lè.

Peye an pèsòn:

Ale sou www.fidelityexpress.com pou jwenn kote ou ka peye pa lajan kach tou pre ou.

Peye pa lapòs:

Ekri nimewo Kont Fanmi ou sou chèk pèsonèl oswa chèk postal la sou non "Florida KidCare" epi voye li nan:
Florida KidCare
P.O. Box 31105
Tampa, FL 33631-3105


Si revni ou oswa sitiyasyon fanmi ou chanje, tanpri rele nou. Nou ka wè si ou ka kalifye pou Florida Kidcare sibvansyone ki pi bon mache a.

Si ou genyen nenpòt kesyon, tanpri rele 1-888-540-KIDS (5437).