Florida Healthy Kids

Taks ak Pwoteksyon Sante w

1095 B

Click to enlarge

Yon fòm taks 1095B (gade anwo a), k ap fè Internal Revenue Service (IRS) konnen si pitit ou (yo) te gen pwoteksyon swen sante nan Florida KidCare, si yo te voye pwoteksyon an anvan pa lapòs ba fanmi ki enskri nan youn nan pwogram Florida KidCare (Healthy Kids, Medikids, Children's Medical Services ak/oswa Medicaid). Fòm taks sa a endike chak timoun ki te gen pwoteksyon ak mwa yo timoun nan te asire.

Sa pa yon egzijans ankò pou voye yon fòm taks 1095B pa lapòs ba fanmi Florida KidCare yo.

Apati ane almannak 2020, fanmi Florida KidCare yo p a t resevwa yon fòm taks 1095B enprime pa lapòs. Enfòmasyon sa yo toujou obligatwa pou rapòte ba IRS sou nenpòt moun ki kalifye pou pwoteksyon swen sante anba pwogram Florida KidCare.

Si yon moun lakay ou te enskri nan yon pwogram Florida KidCare nan nenpòt pati ane almannak anvan an, lè sa a IRS te resevwa enfòmasyon sou pwoteksyon sante moun nan. Pa gen aksyon ki nesesè pou yon paran fè epi fòm nan pa obligatwa pou fè deklarasyon taks federal ou.

Men, nou kapab bay yon kopi fòm taks 1095B pou yon paran si li fè demann lan. Si ou ta renmen resevwa yon kopi fòm sa a pou nenpòt ane fiskal, tanpri rele Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437) lendi – vandredi ant 7:30 a.m. Ak 7:30 p.m. nan lè Zòn Lès.

Moun ki fè demann lan pral bezwen mete enfòmasyon ki endike anba la yo pou nou kapab travay sou demann fòm taks la. Prepare ou pou konfime enfòmasyon sa yo lè ou rele:

Pou fè ou sonje, Lwa konsènan Swen Sante Bon Mache egzije minimòm pwoteksyon debaz la. Nou konsidere Florida KidCare kòm yon pwoteksyon debaz.

Fanmi yo ki gen kesyon ta dwe ale sou sitwèb www.irs.gov/aca.


kesyon Moun Poze Souvan sou Kondisyon Pwoteksyon Debaz Minimòm

Men repons pou kèk kesyon nou te resevwa deja. Si ou gen nenpòt lòt kesyon, tanpri rele nou nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437).

  1. Pitit mwen te gen Florida Healthy Kids pandan tout ane almannak anvan an. Kijan IRS pral konnen sa?
    Florida Healthy Kids pral voye enfòmasyon sa a ba IRS. Yon paran ka toujou mande yon kopi fòm taks 1095B pitit li si li ta renmen resevwa youn. Paran an ap bezwen rele Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437).
  2. Èske mwen kapab aplike pou yon kredi nan taks sou peman pa mwa pou pitit mwen, menmsi li gen pwoteksyon an avèk Florida Healthy Kids?
    Non. Timoun ki nan Healthy Kids deja ap resevwa èd avèk pri pwoteksyon yo. Timoun ki kapab gen Healthy Kids pou $20 pa mwa oswa mwens pa kapab resevwa yon kredi nan taks sou peman pa mwa.
  3. Mwen peye tout pri asirans lan pa mwa pou pitit mwen. Kijan pou mwen aplike pou kredi nan tak sou peman pa mwa pou ede mwen avèk peman yo?
    Kredi nan taks sou peman asirans pa mwa pa disponib pou patisipan ki fè peman okonplè nan Florida Healthy Kids. Si ou vle yon kredi nan taks sou peman asirans pa mwa, ou dwe aplike pou pwoteksyon an sou sitwèb healthcare.gov pandan peryòd enskripsyon lib la
  4. Èske mwen kapab gen Florida Healthy Kids pou pitit mwen yo epi mwen toujou resevwa kredi nan taks sou peman asirans lan pa mwa pou mwen?
    Pifò paran yo ki gen timoun nan Florida Healthy Kids ka kalifye pou yon kredi nan taks sou peman asirans pa mwa avèk Federal Marketplace, menmsi gen moman lè se pa ka a. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou sitwèb healthcare.gov.
  5. Mwen pito gen tout manm fanmi nou nan menm plan an avèk Federal Marketplace. Èske sa posib?
    Se timoun sèlman ki kalifye pou pwogram peman okonplè ki gen chwa pou patisipe avèk paran yo nan Marketplace. Timoun ki gen Florida Healthy Kids pou $20 pa mwa oswa mwens dwe rete nan pwogram sa a dapre lalwa.
  6. Kisa ki deklare nan règ ki endike yon timoun dwe gen asirans sante yo bay nan yon fanmi kote paran yo divòse?
    Yon sèl paran kapab reklame timoun nan kòm yon depandan. Paran an ki pral rapòte pwoteksyon an epi ki ta ka dwe yon sanksyon si timoun nan pa gen asirans sante.
  7. Èske mwen kapab jwenn istwa pwoteksyon pitit mwen sou sitwèb Florida Healthy Kids?
    Non. Ou kapab mande yon kopi nen ane pitit ou te enskri nan Florida Healthy Kids epitou ou te ka resevwa yon fòm taks 1095B. Ou ka kontakte Florida KidCare nan nimewo 1-888-450-KIDS (5437) pou fè demann sa a.
  8. Kijan pou mwen resevwa yon fòm 1095B si mwen te pèdi kopi mwen oswa si mwen pa t resevwa youn?
    Paran yo pa pral resevwa ankò yon kopi fòm taks 1095B pa lapòs apati ane almannak 2020. Nou pral bay enfòmasyon sa yo otomatikman pou IRS, poutèt sa okenn aksyon pa nesesè pou yon paran fè. Men, yon paran ka mande yon kopi fòm taks 1095B pitit li depi li kontakte Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437). Pou fè demann sa a.