Florida Healthy Kids

Istwa

Se Lejislati Florid la ki te kreye Florida Healthy Kids Corporation an 1990 kòm yon efò piblik-prive pou rann aksè nan asirans sante miyò pou timoun nan eta a ki pa gen asirans yo. Pwogram lan te reyalize poutèt yon atik Steve A. Freedman, Ph.D., F.A.A.P., ki te Direktè Institute for Child Health Policy nan University of Florida (Inivèsite Florid) lè sa a, te pibliye le 31 mas 1988 nan New England Journal of Medicine.

Depi lè l kòmanse, Florida Healthy Kids kouvri plis pase 1 milyon timoun. Yo idantifye Healthy Kids kòm youn nan twa pwogran, ki gen nan eta a, yo te fè pase nan lejislasyon pwogram orijinal Children’s Health Insurance[Asirans Sante pou Timoun] (CHIP) lan an 1997 poutèt ansyènte li. Epi yo te mete Healthy Kids ansanm ak 2 lòt pwogram swen sante pou timoun (Medicaid ak Children’s Medical Services Network [Sistèm Sèvis Medikal pou Timoun]) ki te deja egziste nan eta a, ak yon nouvo pwogram (MediKids) pou kreye pwogram Florida’s KidCare la an 1998.