Florida Healthy Kids

Kisa Florida Healthy Kids ye

Florida Healthy Kids ofri asirans sante pou timoun laj 5 a 18 an. Konpayi a se youn nan kat patnè Florida KidCare epi se yon Konsèy Administrasyon ki gen doktè, yon dantis, reprezantan lopital, moun ki defann dwa moun, ak reprezantan ajans leta ki dirije li.

Healthy Kids fèt pou bay bon kalite asirans sante ki abòdab pou fanmi ki pa kalifye pou Medicaid. Asirans Healthy Kids gen ladan li vizit kay doktè, vaksinasyon, swen dantè, swen nan kadijans, sejou nan lopital ak anpil lòt bagay ankò. Pifò fanmi annik peye $15 oswa $20. Gen opsyon pou peman konplè ki disponib tou; kifè chak timoun nan Florid ki gen laj 5 a 18 an kalifye.