Florida Healthy Kids

Press

Healthy Kids Press Contact,
Ashley Carr, Chief Marketing Officer,
(850) 701-6160, [email protected].

10/27/2022
English + Español + Kreyul

Florida Healthy Kids BOD bay konsantman sou tanpèt Ian Aid

TALLAHASSEE, Fla. – Konsèy Administrasyon (BOD) Florida Healthy Kids Corporation (Sosyete) la, ki gen nan tèt li Doktè Stephanie Haridopolos, bay konsantman l jodi a sou èd soulajman siklòn Ian pou manm fanmi ki nan Florida KidCare yo. Èd soulajman sa valab pou tout 26 konte ki nan Florid yo Ajans Federal Jesyon Ijans, (Emergency Management Agency, FEMA) ki elijib pou yon èd pèsonèl.

Pou kapab ede fanmi yo aprè tanpèt la, Sosyete a aksepte kouvri 100% nan vèsman pa mwa prim familyal ki elijib pou mwa oktòb la. Frè soulajman pa mwa yo ap disponib tou pou kouvri mwa novanm ak desanm pou tout moun ki pral kontakte nou lè yo gen bezwen. Manm ki esnkri nan plan ki sibvansyone yo ak pèman an plen yo ladan tou.

Prezidan Haridopolos te deklare, “Nou pa vle timoun yo pèdi Kouvèti medikal enpòtan yo nan moman fanmi yo ap rekole moso yo aprè yon tanpèt devastatè tankou Siklòn Ian. Ekip lidèchip sosyete a ap te travay ansanm avèk mwen pandan plizyè semèn, li rasanble enfòmasyon ak analize chif yo pou jwenn bon ekilib sekou. Aksyon jodi a ofri yon soulajman imedya pou tout moun, kèlkeswa sitiyasyon fanmi yo, l ap tou ofri plis ekonomi finansye bay fanmi ki bezwen yon kout men siplemantè. Mwen fyè de efò kolektif nou fè pou rive kote sa a, epi mwen remèsye direktè finansye Jimmy Patronis pou sipò li nan travay nou pou ede fanmi Florid yo nan moman difisil sa a.”

Antou, plis pase 65,000 timoun ap viv nan 26 konte yo idantifye yo, sa ki reprezante plis pase 50% popilasyon total Florida KidCare (eksepte Medicaid). Yo estime montan total pou kouvri tout kotizasyon familyal pou mwa Oktòb yo a $3.42M.

Anplis èd soulajman yo, Sosyete a ede fanmi ki afekte yo nan fason sa yo: 1) enskripsyon rapid pou aplikan ki apwouve yo; 2) bay manm yo 30 jou anplis pou fè renouvèlman anyèl yo; 3) bay manm yo yon mwa konplè pou yo peye prim yo dwe yo jeneralman pou pita premye nan mwa a; epi 4) bay plis tan pou apèl yo.

Konsènan Florida Healthy Kids Corporation
Florida Healthy Kids Corporation se yon patenarya piblik-prive san bi likratif ki te kreye pa Lejislati Florid la pou elaji aksè ak asirans sante abòdab, ki santre sou timoun. Sosyete a ap dirije Florida Healthy Kids (healthykids.org), yon pwogram asirans maladi ak dantè konplè pou timoun ki gen laj 5 lane pou rive 18 lane nan Florid. Sosyete a bay sèvis maketin, sèvis kliyan ak sèvis administratif pou Florida KidCare tou.