Florida Healthy Kids

Patenarya nan kominote yo

Ann avril 2008, FHKC te kòmanse mete yon kanpay pou bay enfòmasyon sou pèfòmans ak reyalizasyon ki vize òganizasyon ak asosyasyon kote yo konsantre sou fanmi ki kapab kalifye pou pwogram Florida KidCare kòm manm ak kliyantèl. FHKC te chèche patnè ki baze nan kominote a pou konplete efò pou maketing lan pou bay enfòmasyon sou pèfòmans ak reyalizasyon pwogram ki egziste a ak pou ankouraje patisipasyon nan domèn kote leta pat fòmalize aktivite pou maketing oswa aktivite pou bay enfòmasyon sou pèfòmans ak reyalizasyon ki sou wout pou fèt la. Jiska prezan, gen 18 patnè nan plizyè konte toupatou nan eta ki siyen pou patisipasyon nan pwogram pou patenarya sa a ki kouvri tout 67 konte nan Florid yo.

Ak tout kantite patnè kominotè ki enskri koulyeya nan efò sa a, pa gen fon ki disponib koulyeya pou lòt patenarya anplis. Men, òganizasyon ou lan ka toujou depoze yon aplikasyon pou patenarya. Wap depoze aplikasyon an annatandan epi nap re-evalye li si ta vin gen fon anplis ki vin disponib.

Elijibilite pou patisipasyon: Yon òganizayson dwe yon asosyasyon ki pa fè pwofi, estati (501(c)(3) oswa yon antite gouvènmantal pou li kalifye pou patisipasyon. Nou kapab bay preferans pou òganizasyon ki vize gwoup oswa zòn yo idantifye kòm kote FHKC ak 2009 Estimates of Children’s Health Insurance Coverage nan Florid pa reprezante sifizaman. FHKC rezève dwa li genyen pou li chwazi òganizasyon dapre lòt faktè pou garanti divèsite jeyografik.