Florida Healthy Kids

Konsèy sou lasante

Lekòl elemantè 5-10

Estaj lekòl elemantè a sandout fè paran yo pi pè pase timoun yo – bebe w la ap grandi! Gen anpil bagay ki rive pou lapremyè fwa avèk endepandans yo fenk jwenn lan —genyen ki kapab pi enteresan toujou pase premye pa yo!

Kou mwayen: 11-14

Tranzisyon pou soti nan lekòl elemantè pou ale nan kou mwayen se yon bagay drastik – koulyeya timoun yo ka chaje klas/pwofesè pou chak matyè. Klas yo ap vin pi enpòtan epi yo dwe pi endepandan toujou. Kouman paran kapab ede?

Lèkòl segondè: 15-17

Moun gen souvni enteresan ak souvni ki pa tèlman enteresan de lekòl segondè, men yo tout fè pati pwosesis pou grandi ak pou tounen yon granmoun endepandan. Se lè tou pou prepare pou pwochen etap nan edikasyon yo ak/oswa pou kòmanse yon karyè. Byenke gen anpil gwo desizyon pou pran, li kapab gen anpil amizman ak anpil bagay ki fè moun ri ladan.