Florida Healthy Kids

Enfòmasyon sou timoun ki pa sitwayen

Lejislati Florida a pase yon lwa nouvo ki pral ede anpil timoun imigran ki rezide legalman (PDF) nan Florida jwenn kouvèti asirans sante. Anvan chanjman sa a, timoun ki pat sitwayen ameriken epi ki t ap viv nan florida a, te oblije nan yon sitiyasyon legal nan Etazini pou owmens senk (5) ane anvan pou yo te kalifye pou asirans sante atravè pwogram Florida KidCare lan. Aprè lwa antre annefè nan dat Premye Jiyè, 2016, pa pral gen peryòd datant ankò pou timoun sa yo.


Anpil timoun ki pat ka jwenn kouvèti sibvansyone Florida KidCare an, akoz peryòd datant senk (5) ane an, pral bezwen aplike ankò, kòmanse nan dat Premye Jiyè, 2016. Pou yo fè sa a, yo ka rele 1-888-540-5437 pou yo mete enfòmasyon yo ajou. Pou timoun sa ki te soumèt aplikasyon yo nan dat Premye Jen 2016, oubyen aprè dat sa a, ap gen reevalyasyon otomatik pou yo sou baz nouvo lwa a — epi Florida KidCare pral chèche pran kontak ak tout fanmi ki gen timoun ki kapab elijib yo.

Timoun sa ki, oparavan, te jwenn refi yo, akoz règleman senk (5) ane an, yo kapab anwole kouràmman nan yon plan asirans sante atravè www.healthcare.gov. Fanmi yo kapab kòmanse chèche yon transfè pou yo pou y ale nan Florida KidCare. Pou yo fè sa, yo ka revize enfòmasyon sa yo genyen yo avèk marketplace federal lan kote yo kab vizite www.healthcare.gov oubyen rele 1-800-318-2596 nan nenpòt kèl moman aprè dat Premye Jiyè, 2016 lan. Yo pa pral transfere aplikasyon yo otomatikman pandan ouvèti pwochen peryòd anwolman marketplace federal lan kap kòmanse nan dat Premye Novanm, 2016.

Si yon timoun anwole atravè baz travay oubyen lòt kouvèti asirans prive, timoun sa a kab aplike a nenpòt kèl moman, sepandan, kouvèti Florida KidCare an pap pral kòmanse anvan premye kouvèti an fini.

Tanpri, vizite https://www.flsenate.gov/Session/Bill/2016/5101 pou piplis enfòmasyon konsènan nouvo lejislasyon an.

Timoun ki pa Sitwayen ki Rezide Legalman

Ki Pa Chanje 5-Kan Datant te Elimine pou Nouvo Moun ki Kalifye yo
  • Refijye
  • Moun yo Bay Azil
  • Kiben / Ayisyen ki fèk Antre
  • Akòde Dediksyon pou Depòtasyon oswa Retrè
  • Viktim Trafik Imèn
  • Depandan Selibatè ki Pa Sitwayen Ameriken k ap Sèvi nan Lame Etazini an.
  • Manm Federal yo Rekonèt nan branch fanmi Endyen Ameriken ki te fèt nan Kanada
  • Rezidan Pèmanan Legal(LPR)
  • Jwenn Libète sou kondisyon nan peyi Etazini pou omwen yon ane
  • Timoun yo te maltrete oswa Pitit Moun yo te maltrete.
  • Sekou akòde dapre Konvansyon ki kont Maspinay (CAT)
  • Estati pou Pwoteksyon Tanporè (TPS)
  • Ranfòse Pwolongasyon pou Depa (DED)
  • Aksyon pou Pwolongasyon
  • Jwenn Libète sou kondisyon nan peyi Etazini pou omwen yon ane
  • Endividi avèk Estati non-Imigran
  • Sejou Administratif pou Retrè
  • Rezidan Tanporè Legal
  • Inite nan Fanmi

Aplikan - Ki fèk Kalifye yo

  • Aplikan Pou LPR
  • Aplikan Pou Azil
  • Aplikan pou Estati Espesyal pou Imigran Jivenil yo
  • Aplikan pou moun ki Viktim Trafik VISA yo
  • Aplikan pou kanpe Ekspilsyon oswa RetrèRemoción

Ki Fèk Kalifye yo- Otorizasyon pou Travay Obligatwa

  • Moun kap Aplike pou Sitiyasyon Pwoteksyon Pwovizwa
  • Rejis pou Aplikan yo
  • Lòd Sipèvizyon
  • Aplikan pou Anile Retrè oswa pou Sispansyon Depòtasyon
  • Aplikan pou Legalizasyon Anba IRCA
  • Aplikan pou LPR anba Lwa sou Lavi

Remak: Dezyèm kolòn ki gen tit "5-Ane Datant Eliminasyon an" se tout prensip imigrasyon yo ki te konsidere kòm "Kalifye" anvan 1[premye]  jiyè, 2016 la, men yo te sijè a yon peryòd datant.  Twazyèm Kolòn lan ki gen tit “Fèk kalifye" yo se gwoup kondisyon imigrasyon ki kounye a kapab vin kalifye nan konmansman 1[premye] jiyè 2016 la, men yo te jije "Ki pat Kalifye" anvan dat sa a, kèlkeswa longè tan yo te rete nan peyi a.

Kesyon Yo Poze Souvan

1. Pou kilès moun nouvo lwa a aplike?
Repons:Timoun ki pa sitwayen ameriken yo, jiska 19yèm anivèsè nesans yo, k ap viv nan Florid, ki konfòm avèk direktiv revni Florida KidCare an, epi ki gen dokiman ki nesesè pou bay prèv yo nan peyi Etazini legalman.

2. Pitit mwen an te anwole nan Florida Healthy Kids oswa pwogram peye-anplen MediKids yo, men mwen panse li kapab kalifye kounye a pou asirans pwoteksyon ki redwi depans yo. Kisa mwen ta dwe fè?
Repons: Tout timoun ki anwole kounye a, k ap peye an plen yo epi k ap vin kalifye pou asirans pwoteksyon sibvansyone akòz nouvo lejislasyon sa a, yo ipral chanje otomatikman chanje pou yo antre nan asirans ak pri pi ba; mezi sa ap antre an efè nan dat 1 [premye] Jiyè a epi y ap voye yon lèt bay yo. Si ou pa ta resevwa yon lèt nan mwa Jiyè a, men ou kwè pitit ou ka kalifye pou asirans sibvansyone a, ou ka rele 1-888-540-KIDS (5437) pou w chèche konnen si pitit ou an kalifye kounye a.

3. Yo te refize pitit mwen an akòz règleman senk an an. Kisa mwen ta dwe fè pou m chèche konnen si li kalifye kounye a?
Repons:Tanpri rele 1-888-540-5437 pou w mete enfòmasyon w yo ajou ak pou chèche konnen si pitit ou an kalifye kounye a.

4. Pitit mwen an gen kouvèti anba marketplace federal www.healthcare.gov lan, kijan pou l fè chanje pou l ale nan Florida KidCare?
Repons: Pou yon fanmi transfere yon timoun ale nan Florida KidCare, li dwe fè mizajou nan enfòmasyon li genyen avèk marketplace federal lan, epi pou l resevwa yon lòt evalyasyon pou elijibilite. Pap gen transfè otomatik aplikasyon pandan ouvèti pwochen peryòd anwòlman marketplace federal lan ki pral kòmanse nan dat Premye Novanm, 2016 lan. Fanmi yo kapab vizite www.healthcare.gov oubyen rele 1-800-318-2596 a nenpòt kèl moman pou yo fè mizajou nan enfòmasyon yo.

5. Kijan yon timoun ki kouvri ak asirans atravè yon antrepriz komèsyal oswa yon pwoteksyon asirans prive ka chanje pou ale nan Florida KidCare?
Si yon timoun anwole atravè yon antrepriz komèsyal oubyen lòt pwoteksyon asirans prive, li kapab transfere nan asirans LidCare an nan nenpòt moman, sepandan, asirans pwoteksyon nan KidCare Florid lan pa pral kòmanse anvan lòt pwoteksyon asirans lan fini.