Florida Healthy Kids

Kesyon yo poze souvan

  1. Kisa Florida KidCare ye?
    Florida KidCare se yon pwogram asirans sante Eta Florid genyen ki kouvri timoun laj 0-18 an. Nan pwogram lan gen Florida Healthy Kids, Medicaid, MediKids ak Children’s Medical Services.
  2. Kouman pou mwen enskri pitit mwen nan asirans sante?
    Li fasil! Ou kapab aplike sou entènèt la/a oswa rele nou nan 1-888-540-KIDS (5437) pou nou ka voye yon aplikasyon ba w pa lapòs. Ou ka aplike pou tout pwogram Florida KidCare yo nan yon sèl aplikasyon. Florida KidCare ap mete pitit ou nan pwogram ki pi konvnab pou bezwen pitit ou a.
  3. Konbyen Florida KidCare koute?
    Anpil fanmi peye $15 oswa $20 pa mwa, men pifò fanmi pa peye anyen ditou. Gen yon opsyon pou peman konplè ki disponib pou fanmi ki fè pi gwo salè. Ak Healthy Kids, fanmi yo ap gen kèk ti kopeman tou pitit pou kèk sèvis.
  4. Èske Florida KidCare kouvri sèvis dantè?
    Wi, men sèvis yo ka diferan nan chak plan ak pwogram.
  5. Ki sèvis medikal Florida KidCare kouvri?
    Nan benefis yo gen vizit timoun an bòn sante, vaksinasyon, sejou lopital, asirans dantè, sèvis pou je, preskripsyon, sèvis lasante mantal ak anpil lòt bagay ankò!
  6. Èske map janm bezwen renouvle kont mwen?
    Wi. Ou dwe renouvle kont ou chak 12 mwa. Nou va voye yon avi pou fè w sonje pa lapòs ba ou. Ou ka renouvle
    sou entènèt la oswa pa lapòs.
  7. Yo di mwen fè twòp lajan pou asirans sibvansyone, men mwen toujou bezwen asirans pou pitit mwen yo. Kouman pou mwen jwenn asirans?
    De (2) patnè Florida KidCare, Florida Healthy Kids ak MediKids, ofri opsyon pou peman konplè pou fanmi ki fè pi gwo salè. Ou kapab aplike si w itilize aplikasyon Florida KidCare genyen sou entènèt la oswa si w rele 1-888-540-KIDS (5437) pou w mande pou nou voye yon aplikasyon ba w pa lapòs.
  8. Konbyen tan li pran pou yo travay sou aplikasyon mwen an?
    Li pran kat a sis semenn. Asirans kòmanse kouvri premye jou nan mwa apre yo te fin etabli elijibilite pitit ou sèlman epi premye jou nan mwa prim asirans lan peye a, si yon prim asirans nesesè.
  9. Èske map kapab chwazi doktè pitit mwen?
    Wi, men doktè ki disponib yo ka diferan nan chak plan ak pwogram.
  10. Kouman klinik doktè a pral konnen pitit mwen gen asirans pa mwayen yon patnè Florida KidCare?
    Plan asirans sante ak asirans dantè Florida KidCare la oswa pwogram lan ap voye yon kat idantifikasyon ba ou? Wap prezante kat sa a nan klinik doktè a lè w resevwa swen.
  11. Yon fwa pitit mwen enskri, èske yo ta janm ka pèdi asirans lan?
    Pitit ou ta ka pèdi asirans lan si w pa fè yon peman alè, pitit ou gen laj 19 an, pitit ou jwenn yon lòt kalite asirans sante (Medicaid, asirans prive oswa asirans konpayi kote li travay finanse), ou pa renouvle kont yo chak ane, oswa pitit ou demenaje pou li ale nan yon lòt eta. Kapab gen lòt rezon ki fè yon timoun ta ka pèdi asirans li tou.
  12. Map vin abite nan Florid mwa pwochen. Èske mwen ka enskri pitit mwen nan Florida KidCare koulyeya?
    Ou kapab aplike pou asirans imedyatman ou gen yon adrès nan Florid.