Florida Healthy Kids

Kouman pou aplike

Gen kèk pwogram Florida KidCare ki ka gen espas limite. Nou aksepte aplikasyon dapre prensip premye arive premye sèvi a. Lè MediKids, Healthy Kids ak Children’s Medical Services ranpli, enskripsyon nan pwogram sa yo ap fèmen, men Medicaid toujou ouvri pou timoun ki kalifye yo.

Fanmi kapab rele 1-888-540-KIDS (5437) oswa ranpli yon aplikasyon sou entènèt la pou kòmanse pwosesis aplikasyon an.

Yon aplikasyon ap valab pou 120 jou apre Florida KidCare fin resevwa li. Florida KidCare ap fè w konnen si pwosesis aplikasyon an pa fin fèt nèt nan 120 jou pou MediKids, Healthy Kids oswa Children’s Medical Services. Pou rekòmanse pwosesis aplikasyon an, rele 1-888-540-KIDS (5437). Nou toujou kapab itilize yon aplikasyon ki gen pi plis tan pase 120 jou pou detèmine si pitit ou yo kalifye pou Medicaid.

Renouvèlman

Fanmi dwe renouvle kont yo chak ane pou yo ka kontinye asirans lan. Nou va fè w konnen pa lapòs ki lè pou w renouvle. Fanmi kap renouvle yo kapab rantre nan kont yo sou entènèt la pou yo ka kontinye asirans lan.