Florida Healthy Kids

Kisa Florida KidCare ye?

Florida KidCare se yon bon kalite asirans a pri ba Eta Florida bay pou timoun. Pwogram lan te kreye dapre Tit XXI nan Lalwa Sekirite Sosyal api reyotorize an 2009. Pa mwayen kat patnè li yo, san nou pa bliye Florida Healthy Kids, pwogram lan kouvri timoun depi yo fenk fèt jiska laj 18 an:

The Florida Healthy Kids Corporation

Agency for Health Care Administration [Ajans pou Administrasyon Swen Sante]

Department of Children and Families [Depatman Timoun ak Fanmi]

The Department of Health

Koulyeya, gen plis pase 2,4 milyon timoun nan Florid ki enskri nan Florida KidCare. Enskripsyon ouvè epi fanmi kapab aplike sou entènèt la nan www.floridakidcare.org oswa rele 1-800-821-KIDS (5437) pou w ka mande pou yo voye yon aplikasyon ba w pa lapòs.