Florida Healthy Kids

Kesyon Yo Poze Souvan (FAQ) Sou Pwosesis Telechajman Dokiman Florida KidCare la

FAQ pou fanmi ki pa gen kont Florida KidCare anliy:

Si ou poko gen yon kont Florida KidCare anliy, w ap gen pou telechaje dokiman jistifikatif ou yo nan demann ou an. Yo ta dwe mande ou telechaje dokiman yo kou w fin soumèt demann ou an, epitou ou kapab chwazi telechaje dokiman yo pi ta lè ou konekte isit la avèk nimewo konfimasyon demann ou an ak non fanmi ou.

1. Mwen ranpli demann mwen an, men mwen pa kapab telechaje dokiman yo.

Verifye ou ranpli epi soumèt demann ou an. Lè ou fin soumèt demann ou an, y ap mande ou telechaje dokiman jistifikatif ou yo.

2. Mwen vle soumèt demann mwen an kounye a, men mwen ta renmen telechaje dokiman mwen yo pi ta.

Lè ou soumèt yon demann anliy, y ap ba ou yon nimewo konfimasyon demann. Ou kapab konekte isit la pi ta avèk nimewo konfimasyon demann ou an ak non fanmi ou. Apre sa klike “Telechaje (Upload)” pou kontinye telechaje dokiman ou yo. Lè ou fin soumèt yon demann, ou kapab toujou ajoute dokiman nan demann sa a pandan 120 jou.

3. Ban mwen kèk egzanp tip dokiman y ap mande mwen bay?

Tip dokiman yo gen dwa varye pou chak fanmi baze sou ki enfòmasyon pèsonèl ou antre nan demann anliy nan. Sepandan, kategori ki annapre yo se egzanp tip dokiman ki kapab telechaje:

Men yon lis egzanp dokiman pou chak kategori.

4. Ki tip fichye mwen ki otorize?

Tip fichye ki otorize yo se: .pdf, .jpeg/.jpg, .png, .tif/.tiff, ak .gif. Nou pa p aksepte ni okipe lòt fòma.

Tout tip fichye yo dwe mwens pase 10MB pa dokiman. Gwosè fichye ou yo epi vitès ak solidite koneksyon entènèt ou a gen dwa gen efè sou kantite tan sa pran pou w telechaje dokiman yo.

Tanpri asire w ke dosye w yo pa pwoteje avèk modpas, sekirite, chifreman oswa pèvèti ak viris. Florida KidCare pap kapab louvri dosye sila yo pou l travay sou yo. Ou ka evite sa a si w louvri dokiman an sou òdinatè w lan oswa telefòn ou anvan lè w telechaje epi w soumèt li pou asire w ke li vizib. Si ou pa ka wè dokiman ou a, eseye konsève l nan yon lòt fòma ki akseptab.

Dosye yo pa ta dwe gen rapò ak pwosesis aplikasyon oswa renouvèlman ki nan fanmi ou. Florida KidCare pa travay sou bòdwo medikal, reklamasyon oswa nenpòt lòt bòdwo lopital la. Ou dwe soumèt dokiman sa yo bay plan sante oswa dantè w.

5. Kijan m ap fè konnen si dokiman mwen yo telechaje kòmsadwa?

Chak dokiman ou telechaje ap gen yon estati. N ap trete dokiman ki reyisi telechaje yo epi ou pa p bezwen fè anyen ankò pou yo. Si yon dokiman pa reyisi transfere, w ap gen pou eseye telechaje ankò dokiman ki pa t reyisi a(yo).

6. Lè yo fin telechaje ak soumèt, konbyen tan sa ap pran pou yo okipe dokiman mwen yo?

N ap okipe dokiman ki se tip fichye akseptab yo nan apeprè 7 jou louvrab.

7. Mwen telechaje kèk nan dokiman mwen yo deja, men mwen ta renmen telechaje sa ki rete yo kounye a. Kisa pou mwen fè?

Lè ou soumèt yon demann anliy, y ap ba ou yon nimewo konfimasyon demann. Ou kapab konekte isit la avèk nimewo konfimasyon demann ou an ak non fanmi ou. Apre sa klike “Telechaje (Upload)” pou telechaje rès dokiman ou yo.

8. Mwen telechaje dokiman nan demann mwen an lè yo fin ban mwen yon kont. Kisa pou mwen fè?

Y ap atribye dokiman ou telechaje nan yon demann a kont ou pandan tretman an. Tanpri pran nòt dokiman ki telechaje nan yon demann pa p parèt nan lis dokiman ki reyisi telechaje yo lè ou konekte nan kont ou. Si ou bezwen verifye dokiman sa yo, konekte avèk nimewo konfimasyon demann ou an pito.

9. Kiyès pou mwen kontakte si mwen gen kesyon?

Si ou gen kesyon sou kijan pou w telechaje dokiman oswa sou estati dokiman ou telechaje yo, tanpri rele liy sèvis kliyantèl Florida KidCare la nan 1-888-540-5437. Pa bliye fè referans a “Nimewo referans (Ref #)” dokiman ou bezwen èd pou yo a. Chak dokiman endividyèl ap gen pwòp nimewo referans pa li.

Kesyon Yo Poze Souvan (FAQ) pou fanmi ki deja gen yon kont Florida KidCare anliy:

Si ou deja gen yon kont Florida KidCare anliy, ou kapab telechaje dokiman jistifikatif yo la. Lè ou fin konekte sou kont ou a, w ap kapab telechaje yon oswa plizyè dokiman.

1. Ban mwen kèk egzanp tip dokiman y ap mande mwen bay?

Tip dokiman yo gen dwa varye pou chak fanmi baze sou ki enfòmasyon pèsonèl ou antre nan demann anliy nan. Sepandan, kategori ki annapre yo se egzanp tip dokiman ki kapab telechaje:

Men yon lis egzanp dokiman pou chak kategori.

2. Ki tip fichye ki otorize?

Tip fichye ki otorize yo se: .pdf, .jpeg/.jpg, .png, .tif/.tiff, ak .gif. Nou pa p aksepte ni okipe lòt fòma.

Tout tip fichye yo dwe mwens pase 10MB pa dokiman. Gwosè fichye ou yo epi vitès ak solidite koneksyon entènèt ou a gen dwa gen efè sou kantite tan sa pran pou w telechaje dokiman yo.

Tanpri asire w ke dosye w yo pa pwoteje avèk modpas, sekirite, chifreman oswa pèvèti ak viris. Florida KidCare pap kapab louvri dosye sila yo pou l travay sou yo. Ou ka evite sa a si w louvri dokiman an sou òdinatè w lan oswa telefòn ou anvan lè w telechaje epi w soumèt li pou asire w ke li vizib. Si ou pa ka wè dokiman ou a, eseye konsève l nan yon lòt fòma ki akseptab.

Dosye yo pa ta dwe gen rapò ak pwosesis aplikasyon oswa renouvèlman ki nan fanmi ou. Florida KidCare pa travay sou bòdwo medikal, reklamasyon oswa nenpòt lòt bòdwo lopital la. Ou dwe soumèt dokiman sa yo bay plan sante oswa dantè w.

3. Kijan m ap fè konnen si dokiman mwen yo telechaje?

Chak dokiman ou telechaje ap gen yon estati. N ap trete dokiman ki reyisi telechaje yo epi ou pa p bezwen fè anyen ankò pou yo. Si yon dokiman pa reyisi transfere, w ap gen pou eseye telechaje ankò dokiman ki pa t reyisi a(yo).

4. Lè yo fin telechaje ak soumèt, konbyen tan sa ap pran pou yo okipe dokiman mwen yo?

N ap okipe dokiman ki se tip fichye akseptab yo nan apeprè 7 jou louvrab.

5. Mwen telechaje kèk nan dokiman mwen yo deja, men mwen ta renmen telechaje sa ki rete yo kounye a. Kisa pou mwen fè?

Ou kapab konekte sou kont ou a nenpòt ki lè epi klike opsyon “Dokiman (Documents)” pou telechaje lòt dokiman.

6. M eseye telechaje dokiman nan demann mwen an pase pa koneksyon avèk nimewo konfimasyon demann mwen an, men sa pa mache.

Si ou deja gen yon kont Florida KidCare anliy, ou dwe konekte sou kont ou an pou telechaje dokiman olye pou w sèvi avèk nimewo konfimasyon demann nan. Demann yo pa p aksepte dokiman ankò apre 120 jou depi soumisyon an.

7. Yo fèk ban mwen yon kont Florida KidCare, men mwen pa wè anyen sou dokiman mwen te telechaje avèk demann mwen an.

Kont ou ap montre dokiman ki telechaje pandan ou te konekte sou kont ou an sèlman. Si ou te telechaje dokiman dirèkteman lè ou te fin soumèt demann ou an oswa avèk nimewo konfimasyon demann ou an, yo pa p parèt nan kont ou an. Sa pa vle di nou pa reyisi resevwa ak okipe yo. Si ou gen kesyon sou estati oswa reyisit dokiman ki te telechaje, ou kapab rele 1-888-540-5437.

8. Kiyès pou m kontakte si mwen gen kesyon?

Si ou gen kesyon sou kijan pou w telechaje dokiman oswa sou estati dokiman ou telechaje yo, tanpri rele liy enfòmasyon Florida KidCare la nan 1-888-540-5437. Pa bliye gè referans a “Nimewo Referans (Ref #)” dokiman ou bezwen asistans pou yo a. Chak dokiman endividyèl ap gen pwòp nimewo referans pa li.

List of Acceptable Documents

Citizenship/Identity U.S. Birth Certificates,  U.S. Passports, Resident cards, I94, Employment Authorization cards, VISAS, Approval  Letters from USCIS.  Social Security Card, Driver License,  School ID,  and Immunization Record.
Tribal Membership Tribal card or Tribal letter
Pay Stub One month worth of paystubs should be sent in. Paystubs must show Parent name, Employer Name, Pay Period and/or Paydate,  Gross amount if receiving wage income and Net amount if self-employed.
Proof of Income Other than paystubs the following can also be sent to verify income: Income declaration, W-2, company letter, and employment verification form, 1099, Self-Employment Letter or FSEMP  (Florida Self-employment form).
Proof of Unearned Income Social Security Award Letter, Unemployment Award letter or printout showing weekly benefit amount with name and date listed.  Pension and Retirement letters, Pension and Retirement 1099.  Complete Divorce Decree for Alimony or letter from payee.
Legal Document Court Order including judges signature – used for Alimony, name change, custody and adoption proof.
Tax Return 1040 w/schedule C, E, and F, 1040A, and 1040Ez, (Current filing year tax return – required are the 1st and 2nd page of the return and all corresponding schedules, if applicable.
Dispute Document Letter written by parent addressed as Dispute Resolution, context of letter is to contain the matter of the dispute and the desired resolve of the parent, can attach proof such as unpaid claims, proof of premium payment, custody documentation to support the dispute.
Response to Missing Info Missing information covers a variety of requested information – **F04 missing information -returned back with requested missing information (phone numbers, address update, special needs questions answered, relationship status, tax filing status, employment in home, **F52 missing IVIC information – birth certificate, passport, permanent resident card, I94 documentation, tribal membership proof (please see acceptable documents types for Citizenship and Identity )– paystubs, company letter, tax return pages, W2, 1099, FSEMP, Employment verification form (please see acceptable types of documents for Income .
Other F13 Form completed, address change, Proof of current insurance/insurance ending document, general request made by parent.