Florida Healthy Kids

Nou Gen Korespondans Elektwonik Disponib Kounye a!

Florida KidCare gen korespondans elektwonik disponib kounye a. Sa vle di ou kapab chwazi resevwa lèt ou yo elektwonikman nan kont anliy ou an olye pou w fè yo voye lèt sou papye ba ou. Lè ou chwazi korespondans elektwonik, w ap resevwa yon avètisman pa imèl depi nou voye yon mesaj ba ou. Imèl la ap di ou pou w konekte sou kont anliy ou an pou wè korespondans ou an.

Chwazi opsyon korespondans elektwonik la se yon bagay fasil! Pandan pwosesis demann anliy nan, annik make “wi (yes)” sou kote kesyon sou èske ou ta renmen resevwa korespondans pa imèl la. W ap kòmanse resevwa tout korespondans Florida KidCare yo nan kont anliy ou an si adrès imèl ou kòrèk ak aktif.

Si ou deja enskri nan Florida KidCare, annik konekte sou kont anliy ou an epi chanje “preferans pou kominikasyon (communications preference)” pou li vin “elektwonik (electronic)” olye de “lapòs (mail).” Tanpri verifye adrès imèl ou genyen nan dosye a kòrèk ak aktif.

Kesyon Yo Poze Souvan (FAQ) sou Korespondans Elektwonik

Lè ou fin enskri nan korespondans elektwonik, w ap resevwa yon imèl avètisman chak fwa ou gen yon lèt k ap tann pou w li l. Imèl la ap mande ou konekte sou kont anliy ou an pou wè lèt la yon fason sekirize.

Si ou te chwazi opsyon korespondans elektwonik la anvan sa lè ou te fè demann nan, ou ta dwe otomatikman kòmanse resevwa tout korespondans ou elektwonikman si adrès imèl ki sou dosye w lan kòrèk ak aktif.

Ou kapab chwazi resevwa oswa sispann resevwa korespondans elektwonik nenpòt ki lè. Annik remete “preferans pou kominikasyon (communications preference)” ou sou kont anliy ou an sou “lapòs (mail)” si ou pa vle resevwa lèt ou yo elektwonikman.

Rele liy enfòmasyon Florida KidCare la nan 1-888-540-5437 depi nan lendi rive nan vandredi ant 7:30 nan maten ak 7:30 nan aswè si ou gen kesyon oswa si ou bezwen asistans.