Florida Healthy Kids

Pwosedi Pou Renouvle Healthy Kids Laflorid la. - Kesyon Ke Yo Mande Toutant

  1. Kijan pou m ranpli fòm demann Renouvèlman an ?
  2. Kijan mwen ka detèmine si mwen pa elijib pou kontinye resevwa Healthy Kids Laflorid È KidCare si patwon m bamwen asirans lasante?
  3. Ki dokiman ke you bezwen si yon fanmi genyen kòb ke yo resevwa san yo pa travay pou li (Unearned Income)?.
  4. Si anka yon moun nan fanmi an travay pou tèt li?
  5. Si anka yon moun nan fanmi an genyen kòb yo resevwa san yo pa travay pou li (Unearned Income)?
  6. Si anka yon moun nan fanmi an genyen reveni ke yo resevwa pou kòb Sipò (Child Support)?
  7. Si anka yon moun nan fanmi an resevwa benefis Revni Sekirite Konplemantè (sa enkli Revni Sekirite Konplemantè SSI oubyen benefis Moun ki Siviv yo)?
  8. Si anka yon moun nan fanmi an ap kolekte benefis asirans moun ki pap travay?
  9. Si anka yon moun nan fanmi m la resevwa Konpansasyon Pou Travayè?
  10. Si anka yon moun nan fanmi an resevwa enterè, pansyon,retrèt , lajan Si ou fè yon aksidan nan travay ?
  11. Si anka yon moun nan fanmi an genyen kòb ke yo resevwa san yo pa travay pou li (Unearned Income)?

Kijan pou m ranpli fòm demann Renouvèlman an?

Kou nou voye mande w pou fè renouvèlman an, tanpri konekte sou kont entènèt ou an sou (https://www.healthykids.org/account/) epi ranpli enfòmasyon ki manke yo epi mete nenpòt enfòmasyon ki pa kòrèk ajou. Si ou genyen nenpòt kesyon tanpri rele depatman sèvis kliyantèl gratis nou an nan 1-(888) 540-5437. Reprezantan sèvis kliyantèl yo disponib lendi jiska vandredi depi 7:30 dimaten jiska 7:30 nan aswè (Lè Lès).

Retounen sou Kesyon yo

Kijan mwen ka detèmine si mwen pa elijib pou kontinye resevwa Healthy Kids Laflorid È KidCare si patwon m bamwen asirans lasante?

Si patwon w la ofri kouvèti asirans pou pitit ou e sa li koute w lan pli wo pase 5 pousan salè ke fanmi an resevwa pa mwa avan enpo an kay la, alekile fanmi an ka toujou elijib pou resevwa Healthy Kids ak KidCare Laflorid la. Fòm renouvleman pr'al mande w si patwon w lan ofri kouvèti asirans pou pitit ou, nan ka sa konbyen li koute.

Pou fanmi Health Kids yo , si pri an pli wo pase 5 pousan salè ke fanmi an resevwa pa mwa avan enpo an kay la, alekile fanmi an ka toujou elijib pou resevwa Healthy Kids ak KidCare Laflorid la pou yon frè prim ki diferan.

Retounen sou Kesyon yo