Florida Healthy Kids

Egzijans pou nouvo sitwayènte ak idantite an vigè koulyeya

Tout moun ki fenk ap enskri oswa kap renouvle enskripsyon yo nan Florida KidCare dwe bay prèv sou sitwayènte yo ak idantite yo. Men pa enkyete w—asirans ki kouvri w koulyeya pap anile si w pa gen dokiman sa yo sou lamen pou lemoman. Li aplike sèlman pou fanmi ki fenk ap enskri yo oswa fanmi kap renouvle enskripsyon yo.

Nan efò nap fè pou nou rann bagay yo fasil pou fanmi nou yo, Florida KidCare ap eseye tcheke enfòmasyon sa a avèk ajans ki patnè nou yo. Kifè, ou kapab pa bezwen bay okenn enfòmasyon anplis. Si Florida KidCare pa kapab jwenn tout enfòmasyon li bezwen pou ou yo, li kapab mande w pou w bay enfòmasyon anplis. Wap jwenn yon lis konplè sou dokiman ki akseptab yo pi ba la a.

Si w gen kesyon, rele depatman sèvis kliyan nou an nan 1-(888) 540-5437

  1. Men dokiman nou kapab aksepte kòm prèv sou sitwayènte AK idantite: :
    • Yon paspò ameriken (li pa oblije valab pou lemoman)
    • Sètifika Natiralizasyon (DHS fòm N-550 oswa N-570)
    • Sètifika Sitwayènte (DHS fòm N-560 oswa N-561)
    (Remak: moun ki pa fèt nan Etazini epi ki PA sitwayen depi yo te fèt dwe prezante youn nan dokiman ki anwo a yo.)
  2. Nou kapab aksepte dokiman sa yo pou verifye sitwayènte sèlman: :
    • Yon batistè ameriken ki te fèt orijinalman anvan laj 5 an
    • Yon rapò sou nesans yon sitwayen ameriken ki fèt nan peyi etranje (fòm FS-240, FS 545 oswa DS 1350)
    • Kat idantifikasyon yon sitwayen ameriken (DHS fòm I-197 oswa I-179)
    • Kat idantifikasyon yon moun ki soti nan Zil Maryàn (I-873)
    • Yon kat endyen ameriken (I-872), ki gen kòd klasifikasyon “KIC” sou li
    • Papye ofisyèl yon adopsyon, oswa si adopsyon poko fin fèt epi yo pa kapab bay yon batistè, yon deklasyon ajans leta ki fè adopsyon an (moun ki fèt nan Etazini sèlman)
    • Dokiman ki demontre se anplwaye gouvènman (travay pou gouvènman ameriken anvan 6/1/76
    • Dosye ofisyèl sèvis militè (DD-214 ki montre ki kote w te fèt nan Etazini).
  3. Si dokiman ki anwo a yo pa disponib, dokiman sa yo ap verifye sitwayènte sèlman si yo te la omwen 5 ane anvan ou te fè aplikasyon pou Medicaid epi si dokiman yo montre w te fèt yon kote nan Etazini.
    • Ekstrè dosye lopital, ki etabli nesans lan, sou papye ki gen antèt lopital la (pa yon “batistè” souvni)
    • Dosye sou asirans vi oswa asirans sante
  4. Si dokiman ki anwo a yo pa disponib, dokiman sa yo ap verifye sitwayènte sèlman si yo te kreye yo omwen senk ane anvan ou te fè aplikasyon pou Medicaid (amwenke se pou yon timoun ki poko gen laj 5 an) epi si yo montre w te fèt yon kote nan Etazini:
    • Dosye resansman federal depi 1900-1950 ki montre laj moun ki fè aplikasyon an/ki kote nan Etazini li te fèt. Règleman senk an pa aplike pou dosye resansman yo. (Pou jwenn enfòmasyon sa a, fè moun lan voye yon fòm BC-600, ansanm ak frè pou peye a, bay Biwo Resansman
    • Dosye resansman tribi nan Biwo Zafè Endyen pou endyen Seneca oswa Navaho
    • Yon dosye piblik sou yon nesans nan Etazini ki gen koreksyon ki fèt ladan, apre laj 5 an
    • Deklarasyon doktè oswa fanmsaj ki te la lè moun lan tap fèt la siyen
    • Dosye lazil moun malad ki gen enfòmasyon biyografik ladan
    • Dosye medikal ki gen enfòmasyon biyografik ladan (san li pa gen dosye vaksinasyon)
    • Atestasyon: Yon atestasyon owmen 2 moun (youn se yon fanmi) ki okouran nesans lan pèsonèlman ekri epi siyen, epi ki esplike poukisa dokiman an pa egziste oswa poukisa yo pa kapab jwenn li, si yo konnen pou ki rezon. Nou dwe verifye idantite ak sitwayènte 2 moun sa yo tou. Yon lòt atestasyon apa nan men moun ki fè aplikasyon an/oswa moun yo fè aplikasyon an pou li a, moun ki responsab la oswa reprezantan an ki esplike poukisa dokiman an pa disponib. Yo dwe itilize atestasyon yo nan sikonstans eksepsyonèl sèlman.
    (Remak: Egzijans senk ane a (Gade seksyon D anwo a) pa aplike pou atestasyon yo.)
  5. Nou kapab aksepte dokiman sa yo kòm prèv pou idantite sèlman (itilize yo ansanm ak dokiman ki sou lis ki nan seksyon B jiska D ki anwo a:
    • Lisans pou kondwi ki gen foto oswa lòt enfòmasyon ki idantifye w ladan
    • Kat idantifikasyon leta bay ki gen foto oswa lòt enfòmasyon ki idantifye w ladan
    • Kat idantifikasyon lekòl ki gen foto ladan (Pou timoun ki poko gen 16 an, mete dosye lekòl matènèl, gadri oswa dosye konferans lekòl TANF epi yo pa egzije okenn foto)
    • Kat militè Etazini oswa dosye detachman militè
    • Kat idantifikasyon depandan yon militè
    • Kat idantifikasyon gouvènman federal, etatik oswa lokal ki gen foto ladan
    • Yon sètifika ki di w gen san endyen
    • Dokiman tribi endyen ameriken
    • Kat maren sou gwo bato gad kòt ameriken
    • Si pa gen okenn lòt dokiman ki idantifye w ki egziste (pou yon timoun ki poko gen laj 16 an) nap aksepte yon atestasyon paran oswa moun ki responsab yo siyen ki fè konnen dat ak kote timoun lan te fèt. (Yo pa kapab itilize sa ansanm ak yon lòt atestasyon ki nan seksyon D).
    (Remak: Yo pa kapab aksepte kat enskripsyon pou vote, lisans pou kondwi nan Kanada, oswa lòt dokiman ki pa sou lis ki nan Seksyon E kòm prèv pou idantite.)